Tuesday, December 1, 2015

M se yon Ayisyen - M fèt Ayiti




M ap komanse avèk yon deklarasyon ayisyen renmen fè. Mwen fyè paske se yon ayisyen mwen ye. Pawòl sa a se yon pawòl nou di souvan lè moun ap atake peyi nou, men se yon pawòl nou ta dwe di chak maten lè nou leve. Paske non sèlman n ap di nou gen rekonesans poutèt sa zansèt nou yo te fè men n ap di tou nou gen konfyans noumenm ayisyen n ap jwenn yon fason kanmenm pou transfome sitiyasyon peyi nou.

Mwen gen anpil fyète paske m se yon ayisyen,  men anplis, mwen konsidere m gen anpil chans se Ayiti mwen te fèt e mwen te leve. Mwen di tèt mwen sa trè souvan pou diferan rezon, men depi de jou m ap repete sa san rete nan kè mwen.

Peyi karayib yo gen anpil bagay yo pataje. Manje nou manje, mizik nou fè ka diferan, konpozisyon popilasyon an ka pa menm, men nou toujou konnen, lè se sou  yon lòt zile nou ye, nou pa lwen lakay nou. Nou gade moun yo,  jan yo pale, yo  ri, yo twipe, sa ya p di, jan yo viv, epi nou wè sè nou, frè nou, grann nou yo ye. Nou tout te soti lwen pou nou rive la a, se menm eksperyans la kèlke swa lang ou pale. Men gen pafwa nou bliye twò vit ke malgre orijin pataje sa a. Istwa pa yo pa sanble avèk istwa pa nou a. Ayiti se yon eksepsyon li ye soulatè men sa vle di tou li se yon eksepsyon nan karayib la avan. Se sèl nou ki konsa.

Souvan nou pale de revolisyon avèk endepandans tankou se yon pawòl bon mache n ap simen adwat agòch san nou pa pran mezi tout sa n ap di lè nou pale pawòl sa a. Nou pale kòm si rive 1804 revolisyon fini, nou pran endepandans epi viktwa rete la. Se vre nou konnen pri san nou te peye pou li, nou konnen tou valè kòb nou te peye. Nou konnen tou etranje ap fè nou peye sa rive jounen jodi a. Men se pa souvan m tande nou pale kesyon kote nou prale avèk revolisyon sa a. Endepandans se pa yon bagay ou pran yon sèl fwa. Se yon bagay pou kontinye batay pou li tout lavi. Endepandans nou te pran a, se pa sou kolon 1803 yo sèlman nou pran li, se sou tout fòm kolonizasyon ki vini apre epi ki ekziste kounye a nou te pran li tou.  Sa se te vizyon a, reyalite a, jan nou konnen, li diferan.

Gen yon rezon ki fè jounen jodi a travay endepandans sa a pap fèt. Revolisyon an li sanble li pap kontinye. M a kite lòt moun reflechi sou rezon ki fè sa. Istoryen oswa moun ki  wè pi klè nan sa k ap pase an Ayiti kounye a. Sa mwen vle di jodi a pandan mwen Trinidad se menm si peyi a chaje pwoblèm, men si gen anpil etranje simaye ladan l k ap sèvi enterè ki pa pa nou. Menm  si y ap eksplwate nou, y ap lololala nou, fè youn eksplwate lòt, nou te dekolonize sou fòs ponyèt nou yon fwa déjà. Nou ka fè l ankò. Dekolonizasyon an nan tèt nou, nan san nou deja. N ap fin pa remèt yo sa ki pa pou nou yo kanmenm. Vye kwayans, vye divizyon, vye fo pwoblèm.

Sa fè 6 semèn depi m ap viv Trinidad. Se yon bèl eksperyans, peyi a mwen renmen l menm si m pa ta renmen rete viv ladan l. Depi kounye a mwen konnen  m ap retounen vizite li yon lòt fwa kanmenm pou m aprann pi plis bagay sou li. Tan mwen pase a pa pèmèt mwen wè tout sa m ta vle wè, se vre. Nitou m pa ka di m konnen pèp sa a oswa istwa li vre.  Men, mwen pa t ap janm imajine menm yon moman sa m wè lòtrejou. Mwen pran yon sezisman tèt kabann pandan m tap pase devan yon lekòl primè. Sou mi lekòl la mwen wè "amwari", senbòl ki reprezante peyi Trinidad avèk Tobago a  byen gwo sou mi lekòl la.

Se premye fwa m t ap pran san m pou m gade l, pou m konprann li. M pa kwè moun pa bò isit yo ka konprann chòk sa mwen pran, lè m wè Laninya, lapinta ak lasanntamariya nan kè senbòl la. Se bagay pou m te bwè yon kafe anmè epi lapoula m tou fè valiz mwen m tounen rantre nan peyi m. Petèt mwen yon tijan nayif men m pa kwè m se yon egare. Nou tout sou zile yo nou konnen sa twa bato sa yo reprezante, tout doulè avèk devastasyon yo pote nan rejyon an. Mwen pat kwè se yon bagay ki te posib nan karayib la eksepte petèt Sendomeng, men m gen konsyans m gen anpil prejije sou kesyon Sendomeng la.

Lè m rive lakay, m kouri sou entènèt pou konfime sa m te wè a se sa. Non sèlman bato yo la, yo nan mitan, men se pa Trinidad sèl ki genyen yo nan karayib la!!!!

Mwen pale sou kesyon sa a avèk detwa moun isit la, san m pa chache eksplikasyon "ofisyèl la", pou m te ka tande sa yon senp sitwayen ap di m. Yo di m se poutèt kristòf Kolon te "dekouvri zile a" se Kristòf Kolon ki te bay peyi a non li. Men anyen Kristòf Kolon te fè pa enterese m anverite. Kristòf kolon pa yon zanmi pou mwen, se koupe tèt sa! Sa m vle konnen se poukisa jodi a nan lane 2015, twa bato sa yo gen plas lonè ankenn kote ki pa peyi kote yo te soti a!

M pa bezwen di nou, m kouri al chache imaj drapo pa nou a pou rense imaj sa a soti nan je m. Ala yon bèl bagay se palmis nou a. Chak bagay nan plas li. Nou se yon pèp konbatan, drapo a reprezante sa nou ye, gen plas pou l ta pran plis bagay toujou paske se pa sa sèlman nou ye. Men nou pa ka tronpe lè n ap gade  li. Pa gen ankenn konfizyon nan tèt nou. Nou pare pou goumen pou defann tèt nou, pou nou avanse, menm lè jodi a nou pa finn konnen kote lenmi a kache vre. Men avèk volonte epi yon vizyon nou ka pataje, n ap fin pa rive konnen kanmenm.


Gen anpil moun k ap wè bato sa yo epi y ap poze menm kesyon avèk mwen. M konnen dwe gen moun Trinidad ki poze menm kesyon sa a. Istwa a, tout moun konnen l. Men mwen reyalize tou, si m ka pran kalite chòk sa a nan Trinidad jodi a, yon chòk ki aji sou tout kòm, tout nanm mwen, se paske mwen se yon ayisyen, se paske mwen fèt Ayiti. Ayibobo.



No comments: