Sound Works
Traverser la nuit, 2026. 4’34”
Tessa Mars en collaboration avec Alim Colin.
Transcription
I
Pou kòmanse gen yon koulèv
Manman o manman, men koulèv la ape manje mwen
Yon koulèv k ap devore, k ap konsome, koulèv la pran w
W ap transpire, w ap swe, w ap debat, ou pa konprann
Epi gade
men koulèv la se yon lespri, k ap manyen, w k ap peze w, k ap souse w,
koulèv la lou
yon lot kalte devorasyon
Manman w te di w sa.
II
Kiyès k ap frape nan pòt rèv mwen konsa?
kout bal youn dèyè lòt, kout kouto,
Vwa chen
Bwi rat
Je w kale je w klè
Se oumenm nan fènwa ak souf ou
ak kè w
ak yon son k ap rezonnen nan tèt ou.
III
Ça brule partout
Tout kote ap boule
N ap boule manman
Se mwen, mwen tou m ap boule
Manman o manman, men koulèv la ape manje mwen
Le grand serpent
la route
la dévoration
Ça brule partout
IV
Manman manman manman manman manman manman manman
manman
dodo manman. Dodo titit manman.
V
Manman Ayida, Ayida wèdo se bon se bon
Lè ma monte chwal mwen gen moun ka kriye.
Lè ma sele.chwal mwen gen moun ka rele, lè ma mounte chwal mwen gen moun ka
kriye o lè ma sele chwal.mwen gen moun ka rele
Pou kòmanse gen yon chwal ki pè.
Li pè yon rat
Men lè chwal la sele se yanvalou,
kalvalkad, galopad, kaskad, Farinad.
n ap deplwaye, n ap ondwaye
nou prale
Traduction française
I
Pour commencer, il y a un serpent
Maman ô maman, voilà que le serpent m’avale
Un serpent qui dévore, qui consume,
le serpent te prend
Tu transpires, tu te débats, tu ne comprends pas
Et puis regarde,
le serpent est un esprit, qui te touche,
qui te presse, qui te suce
Le serpent est lourd
Une autre sorte de dévoration
Ta mère te l’avait dit
II
Qui frappe comme ça à la porte de mes rêves ?
Des coups de feu les uns après les autres, des coups de couteau,
Voix de chien
Bruit de rats
Tes yeux sont grands ouverts, tes yeux sont clairs
C’est toi dans le noir avec ton souffle
avec ton cœur
avec ce son qui résonne dans ta tête
III
Ça brûle partout
Tout brûle
Nous brûlons, maman
Moi aussi, je brûle
Maman ô maman, voilà que le serpent m’avale
Le grand serpent,
la route,
la dévoration
Ça brûle partout
IV
Maman maman maman maman maman maman maman
maman
Dors, maman. Dors, petit enfant de maman
V
Maman Ayida, Ayida Wèdo, c’est bon, c’est bon.
Quand je monterai mon cheval, certains pleureront.
Quand je sellerai mon cheval, certains crieront,
quand je monterai mon cheval, certains pleureront,
ô, quand je sellerai mon cheval, certains crieront
Pour commencer, il y a un cheval qui a peur
Il a peur d’un rat
Mais quand le cheval est sellé, c’est le yanvalou,
cavalcade, galopade, cascade, farinad.
Nous nous déployons, nous ondoyons,
Nous partons.